
Nan rankont sa ki fet yè swa nan Palè
nasyonal Sen Domeng lan, te gen Chèf Lame de tè, Chef Fos ayeryènn yo,
Minis Defans nasyonal, Enteryè ak la Polis, Direktè Sevis Nasyonal
Entèlijans, Direktè nasyonal Migrasyon, Pwokirè repiblik la. Yo deside
ansanm ak Prezidan Medina fok yo bay Ayiti yon repons apre Prezidan
Martelly aksepte ak Karikom pou kenbe Sen Domeng nan kanpe lwen nan
oganizasyon rejyonal la. Yo di Gouvenman Aysyen an vyole ako 19 Novanm
nan ki te siyen Karakas ant Minis Afe Etranje Ayisyen ak Dominiken
an.Minis Defans Nasyonal Dominiken fe konnen Lame peyi yo mobilize pou
mete kontwol sou fwontyè a.
Petet se sou blof Danilo Medina ye pou bay Prezidan Martelly presyon. Sitou gen fos militè etranje sou teren an an Ayiti. Men lè yon peyi rasis, ostil a yon lot pèp, pran desizyon raple Ambasadè l, reyini lannwit ak tout Chef Eta majo lame l, sè ke yo pap jwe. Ou di mwens santiman rasis ka fè yo tout vin fou. Fok nou menm pep Ayisyen an pran tout aksyon sa yo oserye. Ann veye anwo, veye anba….Ayiti pa gen lame e se nou menm Aysyen ki lame peyi nou.
Apèl nasyonal : m ap mande yout Aysyen ki kwè nan vizyon ak pwojè Nouvèl Ayiti a pou yo kanpe sou tout vwayaj ki pa ijan yo ta gen pou fè Sen Domeng an atandan kriz ant 2 peyi yo rezoud. N ap mande tout Ayisyen tout bon vre, pitit Dessalines ak Petion, pou yo pa manje ni achte okenn pwodwi ki soti Sen Domeng depi mwayen yo pemèt sa. Ann komanse boyikot la, chak Aysyen konsekan nan sans pa yo.
An atandan gwo dyalog nasyonal istorik nou dwe fè pou refonde baz nasyon Ayisyenn nan, nan antant, amoni, pwogrè ak devlopman, ann komanse ansanm bay Sen Domeng yon repons konjonktirèl : Pinga nou ale lakay yo, pa achte ni manje pwodwi ki soti Sen Domeng. Epi Vijilans Nasyonal !
Daly Valet
Potoprens, 29 novanm 2013
Source : ToutHaiti
M
ap di nou tou yè jedi a nan lajounen, Prezidan Danilo Medina te gen yon
rankont ak Anbasadè Dominiken nan Washington ak Anbasadè Dominiken nan
OEA sou dosye Ayiti. Pandanstan Anbasad dominken nan Potoprens preske
vid. Se yon ti ponyen anplwaye yo kite pou kontinye regle kesyon
komesyal ant 2 peyi yo. Gouvenman dominiken an admèt yo gen gwo tansyon
ak Ayiti e se pou la premye fwa yo pran gwo desizyon sa raple Ambasadè
yo.
Petet se sou blof Danilo Medina ye pou bay Prezidan Martelly presyon. Sitou gen fos militè etranje sou teren an an Ayiti. Men lè yon peyi rasis, ostil a yon lot pèp, pran desizyon raple Ambasadè l, reyini lannwit ak tout Chef Eta majo lame l, sè ke yo pap jwe. Ou di mwens santiman rasis ka fè yo tout vin fou. Fok nou menm pep Ayisyen an pran tout aksyon sa yo oserye. Ann veye anwo, veye anba….Ayiti pa gen lame e se nou menm Aysyen ki lame peyi nou.
Apèl nasyonal : m ap mande yout Aysyen ki kwè nan vizyon ak pwojè Nouvèl Ayiti a pou yo kanpe sou tout vwayaj ki pa ijan yo ta gen pou fè Sen Domeng an atandan kriz ant 2 peyi yo rezoud. N ap mande tout Ayisyen tout bon vre, pitit Dessalines ak Petion, pou yo pa manje ni achte okenn pwodwi ki soti Sen Domeng depi mwayen yo pemèt sa. Ann komanse boyikot la, chak Aysyen konsekan nan sans pa yo.
An atandan gwo dyalog nasyonal istorik nou dwe fè pou refonde baz nasyon Ayisyenn nan, nan antant, amoni, pwogrè ak devlopman, ann komanse ansanm bay Sen Domeng yon repons konjonktirèl : Pinga nou ale lakay yo, pa achte ni manje pwodwi ki soti Sen Domeng. Epi Vijilans Nasyonal !
Repons istorik Sen Domeng merite a, se Jenerasyon Nouvèl Ayiti k ap ba li l to ou ta !
Daly Valet
Potoprens, 29 novanm 2013
Source : ToutHaiti

Aucun commentaire:
Publier un commentaire